Ki empòtans yon kont Google (gmail) pou telefòn ou an ?
Lè ke ou ouvri telefòn ou a pou premye fwa pou ou kapab itilize’l, majorite nan aplikasyon ke sistèm nan enstale pou ou yo tankou Google Play, Google Drive elatriye mande pou konekte avèk yon kont Google (gmail) pou ou kapab itilize sèvis sa yo.
Android se yon Sistèm operasyon (OS ki vle di Operating System an anglè) ke Google devlope pou telefòn mobil ak tablet. Google ki se devlopè sistèm sa a vle ke ou itilize tout sèvis li yo ke’l devlope tankou navigatè li ki se Google Chrome, Gmail ki se yon sèvis mesaj elecktronik, Google contacts pou anrejistre kontak, Youtube pou gade videyo an liy, Google Play ki se Market aplikasyon oubyen boutik an liy li a, elatriye. Gen anpil nan aplikasyon sa yo ki enstale sou telefòn ki gen sistèm operasyon Android la sou li ke ou menm ou pa ka dezenstale paske siw dezenstale ladan yo ou riske fè kèk fonksyonalite pa byen mache sou telefòn sa a. Li pa entèdi ou enstale lòt aplikasyon ke’l pa devlope, gras avèk Market li a ki se Google Play li pèmèt ou enstale lòt tip aplikasyon sa yo men pito poul ta entèdi’w li ankouraje’w rete nan anviwonman li an paske li fasilite lavi’w lè ou itilize sèvis li yo tankou gras avèk fonksyonalite senkronizasyon otomatik la ki pèmèt ou kapab ou jwenn anviwonman òdinatè ou sou telefòn mobil ou. Enpòtans yon kont Google (gmail) pou telefòn ou, li konsidere tankou kle ki pèmèt ou gen aksè ak sèvis Google yo, se avèk kont sa a tou senkronizasyon otomatik la fèt lè sa a ou kapab gen aksè pa egzanp avèk kontak ou yo an liy menmsi telefòn ou ta pèdi.
Pa bliye klike sou yonn nan bouton sa yo anba a pou pataje atik la
Votre ami Novembre Jodelson