Kòman pou konsève dokiman ou yo an liy( Gen aksè avèk yo nenpòt kote ou ye nan mond lan)
Google Drive se yon sèvis stokaj an liy ke sosyete Google te lanse nan ane 2012, li pèmèt ou anrejistre nenpòt dokiman li ta ye a dirèkteman an liy kote ke ou kapab gen aksè avè'l menm si ou pa ta mache ak dokiman sa yo, sèvis sa a tou genyen yon seri program ki tou entegre ladanl (suite bureautique) ki pèmèt ou modifye ak kreye dokiman tèks(Google docs), modifye ak kreye dokiman kalkil( Google Sheets) epi modifye ak kreye prezantasyon(Google Slides). Ou kapab itilize sèvis sa a pou ou kapab konsève fichye imaj, tèks, Microsoft word, Microsoft Excel, Microsoft Access, Microsoft Power Point, fichye videyo, fichye etc... Tout dokiman ou anrejistre sou Google Drive yo prive sa vle di se ou menm sèl kap kapab gen aksè avèk yo donk si'w vle ou kapab pataje fichye sa yo ak lòt moun nenpòt kilè ou vle.
Pou tout kesyon ak sijesyon pa bliye kòmante, pataje atik la pou pròch ou ka wè'l